Samdi 15 janvye 2021 an, nan lokal Fakilte lenguistik aplike (FLA), Sant etid ak rechèch kreyoliti (SEREK) òganize seremoni remiz pri pwezi Kreyoliti. Nan chalè yon anbyans byen konvivyal, etidyan, lektè, zanmi pwezi ak literati te chita brase lide sou lobedyans Djevens Fransaint ki lanse yon bat bouch sou pèspektiv kreyasyon nan literati kreyòl ayisyen an … Lire la suite de Remiz Pri pwezi Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
Envitasyon
Pa bliye sonje! Samdi 15 janvye 2022, depi l fè 10è nan maten pou rive 2è nan aprè midi , nan Fakilte Lengwistik Aplike, vin dekouvri loreya 2èm edisyon Pri Pwezi KreyoLiti a pou yon pi bon kreyolizay.
Rezilta Pri Pwezi Kreyoliti 2èm edisyon
Bonswa kandida ! Estaf Kreyoliti a koube li byen ba pou li remèsye ou difèt ou te patisipe nan dezyèm edisyon Pri Pwezi li a. San ou menm konkou an pa t ap posib. Li ap pwofite anonse ou lis twa loreya konkou a pou dezyèm edisyon an : Richelor NelsonJessica Nazaire,Valbrun Frantzley. 15 janvye … Lire la suite de Rezilta Pri Pwezi Kreyoliti 2èm edisyon
Piblikasyon 20 semifinalis 2èm Pri Pwezi Kreyoliti a
Kreyoliti kontan anonse pibik la lis 20 semifinalsi pou dezyèm Pri Pwezi Kreyoliti a. Ane a konkou a konpetitif anpil. Yon michan bèl tèks soumèt!
« Festival CréoloFolie » an Frans, yon premye edisyon reyisi
Ekip òganizatè a onore Minis Kilti ak Kominikasyon an, Jean Emmanuel Jacquet – ansyen Direktè Direksyon Nasyonal Liv ( DNL) – ak atis Jean Belony Murat-Belo. De (2) envite ki te alonè pou premye edisyon an. Fason envite yo te resevwa plak yo se te yon bagay apa, se sa kòdonatè festival la, Wilguens Pierre Jean, lese konprann.
Suzanne Comhaire Sylvain, premye fanm lengwis epi antwopològ nan peyi dAyiti
Suzanne ak mari li Jean Comhaire rive konstwi yon katalòg enpòtan kote yo mete kont ayisyen yo nan rejis oraliti fòlklorik ayisyèn ak nan kilti kreyòl yo an jeneral. Nan lane 1936 li menm rive soutni nan inivèsite Sòbòn tèz doktoral li sou kont ayisyen yo. Anpil gwo zotobre nan domèn antwopoloji tankou Jean Price Mars, Alfred Métraux rive salye travay enpòtan li t ap mennen yo.
Teyori sou jenèz kreyòl
Nan tout bon lojik, prezans pil esklav ki soti nan yon peyi kèlkonk nan yon moman te gen kolonizasyon pa vle di : 1- Yo tout te pale menm lang ; 2- Yo te konn itilize lang sa pou tout echanj ; 3- Itilizasyon lang sa tou gen konsekans dirèk sou kreyòl la : Lang sa te ka la depi anvan yo ateri sou zile a ; relasyon travay sifi pou fè yo itilize yon lòt lang, elatriye.
Lansman 2yèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti
Pri Pwezi Kreyoliti a pati pou yon dezyèm edisyon. Responsab yo kenbe tennfas objektif yo ki se ankouraje plis pwodiksyon fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi dekouvri plis jèn k ap fè travay kreyasyon latizay serye nan literati, se sa direktè jeneral SEREK la, Marvens A. Jeanty, fè konnen. Dirijan presize se sèl powèt ayisyen ki ap viv sou bout tè peyi Ayiti ki ap kapab patisipe.
Kòman pou analize yon woman, kòman pou kòmante l ?
Yon bon kòmantè se yon kòmantè ki itil otè a, evite di li senpman : m renmen liv ou a. yon kòmantè itil se yon kòmantè ki sensè, ki pa ezite di otè sa kip a twò byen mache. Kidonk, yon bon kòmantè se yon kòmantè ki di sa ki pa twò byen mache nan tèks la.
Grégory Forestal (Malaba Pitit Plim)
Se nan ane 2013 lwa literati sele ekriven an pou premye fwa, depi lò li anbrase jan literè, tankou Pwezi, Kont ak Lodyans pou l mennen vwa sila kouraj bay do yo pi lwen, epi met kouch penti pa l sou twal literè pèp ayisyen an. Yon aksyon li sanble pa regrèt jouk jounen jodi paske nan chak mo li akouche, yon krèy jwa anvayi l jouk nan zo.