Figi estil opozisyon

Antitèz : Nan pwosede figi estil sila nou anfas yon opozisyon ki fò anpil ant de tèm ki kontrè. Figi estil sila la pou opoze ide. Se tou, yon mwayen pou nou mete an valè yon ide prensipal pandan nou prezante yon ide ki opoze li.

Egzanp : Pran sa, epi anyen ankò. (la, antitèz la itilize pou montre yon ensistans)

Ps : Diferans ant antitèz ak oksimò : Antitèz la opoze de (2) eleman diferan, alòske oksimò a chita sou yon sèl elaman ki genyen kèk kalite ki kontradiktwa  

21-10-2019

Marvens JEANTY

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.

Laisser un commentaire